Foterès ayisyèn
Sitadèl-Laferyè se youn nan pi gwo moniman nan peyi Ayiti. Li sitiye nan komin Milo nan nò peyi a ki sou yon mòn nan do vil Sen-Rafayèl. Nan depatman Nò peyi a. Se Anri Kristòf, youn nan ewo endepandans nou yo, ki te bati li nan zòn sa a. Kote batiman sa a sitiye a te ede wa a defann wayòm li kont lòt peyi ak lòt pati nan zile a ki te gen yon lòt gouvènman nan tèt li. Jodia, Sitadèl la se youn nan pi gwo mèvèy nan lemond.
Wikipedia (ht) · CC BY-SA 4.0
- Dat
- 1820
- Kote
- Ayiti
Kote li ye
Enfòmasyon sa yo soti nan: Wikidata, Q206194 (CC0)